Fòmasyon espirityèl la se yon pwosesis pa mwayen limenm kretyen yo devlope matirite ak pwofondè espirityèl yo atravè pratik disiplin espirityèl yo, pami yo nou jwenn: Lekti biblik, lapriyè, ekri jounal, meditasyon ak memorizasyon ekriti yo.

Feyè sa a devlope Pratik devosyonèl pèsonèl yo nan yon kontèks ki eksplore lavi ak eksperyans espirityèl pèsonaj enpòtan nan Bib la nan Nouvo Testaman an.

Nan leson sa a yo, patisipan an ap gen pou li reponn kesyon espesifik sou lekti jounen an ak idantifye tèm chak jou yo ak kontèks kle pou aplike nan meditasyon ak lapriyè.

Lè gwoup “yon ti mache pou pi fon” rasanble pou diskite chak semèn, objektif la se pou chak moun prepare pi byen pou pataje, pou pi piti, yon bagay ke Bondye moutre li pèsonèlman pandan semèn nan. Nan fason sa a, yo tout ap benefisye epi grandi pa mwayen chemen espirityèl individyèl ki pataje nan gwoup la.

 

Ou kapab achte yon kopi fizik nan liv sa a, nan Biwo fòmasyon disip ki nan rejyon Mezoamerik la, oswa telechaje liv la gratis isit la.


Télécharger
FichierAction
Yon Ti Mache Pou Pi Fon.pdfTélécharger