Depi nan konmansman an, ministè Misyon Nazareyen Entènasyonal la (MNI) te priye pou travay legliz mondyal la. Kòm yon denominasyon atravè lemond k ap sèvi nan 164 rejyon nan mond lan, nou fè efò pou konekte e nou leve youn ak lòt nan lapriyè. Dezi sa a pa inik nan Legliz Nazareyen an. Yon kè pou misyon ak travay wayòm Bondye a isit sou tè a te toujou kè Legliz la. Depi 1887, te gen yon apèl pou priye pou misyon ki te pote rezilta yon Jounen Mondyal lapriyè. Mouvman sa a fèt atravè lemond e li pwolonje nan tout lòt legliz yo. Jounen Mondyal Lapriyè a tonbe nan premye Vandredi nan mwa Mas chak ane.

An 1996, Misyon Nazareyen Entènasyonal la te rantre nan mouvman sa a pou obsève yon semèn priyè ki santre sou rasableman kòm pèp Nazareyen atravè mond lan pou leve f rè ak sè nou yo nan lapriyè. Nou menm tou n ap priye ansanm ak f rè e sè nou yo ki pa fè pati legliz Nazareyen pou obsève semèn lapriyè nou an nan menm semèn ak jounen Lapriyè Mondyal la.

Mèsi paske w patisipe ansanm avèk nou nan Semèn Lapriyè Mondyal la.


Télécharger
FichierAction
Semèn Lapriyè Mondyal La 2022 (Haitian Creole).pdfTélécharger