Seri liv Lekòl Lidèchip yo te fèt ak bi pou bay legliz la yon zouti pou fòmasyon, preparasyon ak antrènman ak manm li yo nan lòd pou ke aktivman yo entegre yo nan sèvis kretyen an daprè kado yo ak apèl la (vokasyon) ke yo te resevwa nan men Seyè yo a.

Lekòl Lidèchip la gen senk Kou Debaz ki komen nan tout ministè yo, ak sis kou espesyalize pou chak ministè, ke nan fen kou yo, Enstitisyon Teyolojik la bay elèv la yon sètifika (oswa diplòm) nan Ministè ke li Espesyalize a.

Objektif jeneral Lekòl Lidèchip la se: “Pou kolabore avèk legliz lokal la nan ekipe pèp Bondye a pou travay nan ministè a, simante yon konesans biblik ak teyolojik nan yo ki solid epi devlope yo lè y’ap egzèse kado yo pou sèvis nan kongregasyon lokal ak nan sosyete a”. Objektif espesifik pwogram sa a se twa:

• Devlope kado yo nan ministè kongregasyon lokal la.

• Miltipliye ministè sèvis yo nan legliz la ak kominote a.

• Reveye vokasyon pou ministè pwofesyonèl ki divèsifye a.

 

1. ADN Nazareyen yo

2. Adorasyon an kòm yon Mòd de Vi

3. Bib La Ak Mesaj Li A

4. Dekouvri vokasyon mwen nan Kris la

5. Prensip Pou Lavi Kretyen Nan


Télécharger
FichierAction
ADN Nazareyen yo.pdfTélécharger
Adorasyon an kòm yon Mòd de Vi.pdfTélécharger
Bib la ak mesaj li a.pdfTélécharger
Dekouvri vokasyon mwen nan Kris la.pdfTélécharger
Prensip Pou Lavi Kretyen Nan.pdfTélécharger