Lavi kretyen an se yon pwosesis fòmasyon disip pandan tout lavi, kote ke tout nou menm pran fòm konfòm ak karaktè Jezi ki se Kris la pa mwayen Lespri Sen an. Nou tout ki “fèt yon lòt fwa” nou bezwen patisipe nan pwosesis fòmasyon sa pou ke nou kapab vin kretyen ki gen matirite epi sen nan tout branch nan lavi nou.

Volim sa a, ki gen pou tit Lavi ki ranpli ak fwi a, se twazyèm nan, nan yon seri twa volim nan etid debaz pou nivo Gras ki Sanntifye a nan plan Fòmasyon Disip la nan Cheminman Lagras la nan Legliz Nazareyen an nan Rejyon Mezoamerik. Seri a pote kòm non : Ranpli ak Sentespri a epi li anglobe 9 mwa etid. Chak liv genyen 13 leson fòmasyon disip ki santre nan bezwen konsolidasyon ak kwasans moun sa yo ki te fenk pran plas yo nan kò manm legliz lokal la.

Leson sa yo te ekri pou monitè ki se fòmatè disip ak nan fason ke li dwe enstwi gwoup nouvo manm yo, yon fason pou ke ansèyman kapab enteresan, dinamik epi aplikab nan lavi yo. Liv sa yo prezante doktrin ak pratik lavi sentete a nan yon langaj ki senp, pratik epi a lafwa konekte avèl plizyè lide mond ke n’ap viv la. Lavi ki sen an etidye pandan li baze sou:

  • Chanjman natirèl ak pwogresif ki pwodwi nan kretyen an kòm rezilta aksyon Sentespri a nan lavi li; chanjman ki kapab obsève non sèlman pa li menm, men tout lòt moun ki twouve yo nan antouraj li.
  • Lavi ki ranpli ak lanmou Bondye kòm kondisyon endispansab pou sèvi Seyè a avèk frè parèy nou yo.
  • Transfòmasyon pwogresisf ak total lavi kretyen an konfòm ak modèl Jezi ki se Kris la.

Sa se twazyèm liv nan seri a: Lavi ki ranpli avèk fwi a genyen pou objektif bay kwayan an zouti pou l kapab kiltive fwi Lespri Sen an nan lavi li epi konsa l’ap kapab eksperimante abondans lanmou Bondye a epi nan menm tan tou, sèvi kòm limyè k’ap reflete lanmou sa ki ranpli ak gras, jistis ak verite nan fwaye li, nan legliz ak sosyete a. Chak leson prezante yon opòtinite pou ke Bondye opere ak transfòme lespri a, efè ak kalite lavi disip Kris la, atravè etid ansèyman biblik, anpil egzanp ak anekdòt, egzèsis otoevalyasyon, refleksyon, pran desizyon ak etablisman anpil nouvo plan pou kwasans espirityèl la.

Ou kapab achte yon kopi fizik nan liv sa a, nan Biwo fòmasyon disip ki nan rejyon Mezoamerik la, oswa telechaje liv la gratis isit la.

Ou kapab telechaje liv 1 an, Lavi ki ranpli ak Sentespri a, isit la.

Ou kapab telechaje liv 2 a, Lespri Re-Oryante Nan Kris La, isit la.


Télécharger
FichierAction
Lavi Ki Ranpli Avek Fwi A.pdfTélécharger