Liv edikasyon kretyèn pou jèn yo ak gran moun yo Nan Bib la, nou jwenn istwa womans, jijman, aksyon, abandon, destriksyon, lagè, lanmou; men, sou tout bagay sa yo, nou jwenn vwa Bondye ladan li ki pale nan lavi nou. Si nou li l ak anpil atansyon chak jou, epi medite sou li, n ap jwenn mo ankourajman, defi, konsolasyon, espwa ak egzòtasyon.

Pandan ane sa a ki antre a, jèn ak gran moun yo pral kontinye etidye liv ak sijè ki difisil ki pral ede yo konnen plis sou kontèks biblik la, e leson sa yo pral anseye w tou kijan pou w fè Pawòl sa a klè ak pratik pou yo jodi a.

Chemen Verite a gen 52 leson ak ansèyman biblik ki aplikab pou lavi chak jou. Nan chak trimès ane sa a, ou pral gen defi ak etid nan:

• Yon tretman espesyal pou pèp li a: Jeremi

• Pran swen emosyon nou yo

• Rekòmandasyon ki itil pou kwayan yo: Jak, 1 ak 2 Pyè

• Dis Kòmandman yo

An nou kontinye etidye ak avanse ansanm nan kwasans nou nan lavi lafwa. Ann pa sispann fè sa; Bondye gen gwo ansèyman pou lavi nou jodi a.


Télécharger
FichierAction
CHEMEN VERITE A#14.pdfTélécharger