Chemen Verite A #12

Liv edikasyon kretyèn pou jèn avèk gran moun yo. Lè nou pale de edikasyon jèn avèk gran moun yo, nou jwenn ke se yon sijè ki gen gwo defi ladan li, se yon defi ke nou dwe anbrase ak gran responsablite ak kè kontan devan Bondye. Li te rele w pou l te itilize w nan domèn transfòmasyon lavi nan imaj Jezi ki se Kris la. Jodi a, ou genyen nan de pla men ou ‘‘Chemen lavi a’’, yon resous ki byen enpòtan pou fè ministè sa a pwogrese.

Liv anseyan sa a genyen ladan li 52 leson ki genyen anpil tèm biblik, aktyèl epi aplikab nan lavi chak jou. Se yon resous k ape de w konprann ak pataje sijè yo avèk klas ou a nan yon fason ki klè ak byen dinamik.

Pou etid ou a kapab plis efikas, Chemen Verite a genyen kat tèm ki òganize an kat trimès. Chak trimès genyen 13 leson. Tèm ke nou pral etidye nan okazyon sa yo se:

• Konsèy pou lavi a (Pwovèb yo)
• Administratè responsab yo (Administrasyon biblik)
• Ansèyman ak pwezi (Eklezyas ak Chante tout Chante yo)
• Legliz la: Modèl pou mond lan (1 ak 2 Tesalonisyen ; 1 ak 2  Timote ak Tit)

Chak nan tèm biblik ak aktyèl sa a yo pral sèvi kòm yon gid pou ede ou nan transfòmasyon disip yo nan imaj Jezi ki se Kris la.


Télécharger
FichierAction
Chemen Verite A #12.pdfTélécharger